top of page

Movèz alèn (bouch santi)



Sa w dwe konnen, Sa ki Koz li ak Solisyon


SA W DWE KONNEN:

• Apeprè 1 moun sou 4 gen movèz alèn regilyèman. (Sa vle di sou chak kay ki gen 8 moun k ap viv ladann, w ap jwenn pi piti 2 moun bouch yo pa fin nòmal).

• Se souvan mikwòb ki nan bouch nou ki koz movèz alèn. KISA KI YON MIKWÒB = Yon mikwòb se ti bagay zuit ke w pa ka wè avèk zye w. Men yo tout kote: yo nan dlo n ap bwè, yo nan lè n ap respire, yo sou po kò nou, yo nan manje n ap manje - epi nan bouch nou tou.

GENYEN PLIZYÈ KALITE MIKWÒB:

  1. Bakteri- Ou jwenn fòm mikwòb sa yo pi fasil. Genyen ki bon pou sante (kò a bezwen bakteri pou l fonksyone byen), genyen tou ki pa bon pou sante e ki ka koz movèz alèn.

  2. Viris- Sa yo pi piti toujou. Se yo lè w ratrape yo ki ba w grip, tous, COVID-19, VIH (SIDA) elatriye.

  3. Chanpinyon(fongis)- Mikwòb sa se mèt enfeksyon. Li ka ba w enfeksyon nan bouch oubyen sou po kò w.

  4. Parazit- Yo pi gwo, yo viv sou kò w oubyen andedan kò w.

• Movèz alèn pi grav nan maten (yo rele sa “souf maten”) paske ou pa fè saliv pandan ou dòmi sa vin koz bouch ou sèk. Se sak fè lè w gen boubout ou k ap dòmi avè w li enpòtan pou w bwose bouch ou, byen netwaye tout kwen dan w avan w al dòmi, konsa bouch ou pa pral mande malere(èz) la regleman.

• Si w wè malgre ou pran swen bouch ou, ou toujou gen movèz alèz. Sa ka endike w ke w gen yon lòt pwoblèm li enpòtan pou w tcheke doktè.




KOZ KI PI FASIL (komen) KI BAY MOVÈZ ALÈN:

1. Lè w manke fè bon ijyèn ak bouch ou

• Lè w gen rès manje ki pouri nan bouch ou (bwose, rense epi netwaye bouch enpòtan anpil)

• Lè w gen plak sou dan w (tart) yo kenbe mikwòb ki bay move odè. (Bwose enpòtan anpiiil)

2. Lè bouch ou sèk (sa vle di pa gen ase saliv) w ap souvan wè w konsa le maten.

• Saliv ede netwaye bouch la. Si pa gen ase, mikwòb ap grandi.

• Si w manke bwè dlo ou ka nan kouri, si w ap plede fè estil respire nan bouch, ou ka nan kouri(byenke pafwa se paske nen nou bouche nou pa gen chwa nou oblije respire nan bouch) konsa tou konn se kèk medikaman n ap pran k ap fè ti fèy bouch nou ap mande mouch renmen.

3. Gen kèk Manje ak Bwason menm ki gen movèz odè ki ka otonatikman lage w nan kouri: (lè w fin manje ou fin bwè, machinen yon ti chiklèt p ap deranje)

• Lay, zonyon, kafe, alkòl ka lakoz movèz alèn.

4. Fimen ak Tabak

• Kite sibstans nan bouch (kras) ak diminye saliv (bouch sèk).

5. Pwoblèm ou ka gen nan dan w menm (pwoblèm dantè)

• Kavite, maladi jansiv, oswa fo dan ki pa byen netwaye.

6. Enfeksyon

• Sinis, gòj oswa poumon enfekte ka bay movèz odè.

7. Maladi

• Dyabèt (souf gen sant dous), maladi ren oswa fwa, reflè asid, elatriye.




SOLISYON AK REMÈD

1. Pran Swen Bouch Ou

• Bwose dan w omwen 2 fwa pa jou. ( w ap viv an Ayiti l ap difisil pou w fèl 2 fwa men omwen lè w ap fè l nan maten pa fè l nan pete kouri pran san w byen bwose, byen netwaye ti kwen yo epi si w jwenn yon ti dlo sèl byen tyèd rense bouch iu avè l. Li ka ede w tchwe yon pe bakteri.)

• Pase fil dantè chak jou. ( Si w pa genyen itilize lang ou avèk dwat ou wete kraz ki vizib pou ou yo. Sofke pa fè sa devan moun, li pa pwotokòl, ya rele w maledve, abitan, soumoun, nèg mòn.)

• Bwose oswa grate lang ou (sitou dèyè a).

• Itilize dlo bouch ki touye mikwòb tou, pa sèlman sa ki kache odè. (Dlo sèl tyèd la ka ede lè w pa jwenn dlo bouch)

2. Bwè anpil dlo. (Jiskaprezan dlo se pi gwo bwason ki te ka janm egziste sou latè beni, tafyatè yo (kaka klèren yo) p ap dakò men s on verite.

• Dlo ede bouch ou rete fre. Klèren se santi l fè bouch ou santi. (Jiskaprezan m pa di w pa bwè kleren w, men machinen chiklèt aprè. Avan w al dòmi bwose) bagay la di = depi w pran swen kò w, kò w ap pran swen w.

• Bat pou se chiklèt ki pa gen twòp sik ou machinen pou ogmante saliv ou.

3. Kontwole Sa W Ap Manje

• Evite manje bagay ki gen gwo odè avan w ale pami moun. (Sitou lay avèk zonyon)

• Manje fwi ak legim pou ede netwaye bouch ou.

4. Sispann Fimen (si w kapab)

• Amelyore sante jeneral ou.

5. Al Kay Dantis (lè kòb sòl yo tonbe sispann gaspiye yo nan bèl bagay sèlman, sa sa koute w ou bay yon dantis f on 3 000 dola sou ou? Anyen w p ap pèdi ou kontrè se plis an sante w ap plis an sante). Pa bliye tout rèv ou genyen yo tout posib tout otan w gen la sante, men jou sante w kouri kite w tout rèv tonbe nan dlo.

• Wè dantis chak 6 mwa pou netwayaj ak tcheke dan ou. (Omwen fè sa chak 2 zan akoz se Ayiti n ap viv)

6. Tcheke Sante Ou

• Si w wè w gen movèz alèn tout sa w fè li pa pase, sispann pase bazilik, sispann mande moun ki pa konn anyen nan anyen medikaman, se pou w ale wè yon doktè.

Posts récents

Voir tout

Comments

Rated 0 out of 5 stars.
No ratings yet

Add a rating

   "Demen kòmanse jodi a"

Ekri oubyen rele nou kote w vle pou ki nenpòt kesyon:

  • Whatsapp
  • Facebook
  • Instagram
  • X
  • TikTok

+1 954-242-8784

+509 55 37 8348

+509 44 62 1382

 Madeline Cap-Haitien, nord, Haiti

bottom of page