Asid
- esapase1
- 9 avr.
- 2 min de lecture
Kisa Reflux Asid ye? (Sa w rele kè boule a)
Reflux asid (yo rele li tou reflux gastro-œsophagyen) se lè asid nan lestomak ou monte nan gòj ou (œsophage), ki se tib ki konekte bouch ou ak lestomak ou. Si sa rive souvan (plis pase 2 fwa pa semèn), sa ka vin yon maladi ki rele GERD (Maladi Reflux Gastro-Œsophagyen).
Sentòm asid lestomak yo:
• Ou santi lestoma w ap boule w (kè boule)
• Ou santi bouch ou gen gou asid oswa bouch ou anmè
• Ou gen difikilte pou w vale manje
• Remonte manje oswa likid nan bouch ou
• Tous ki pa sispann oswa gòj ki toujou fè mal
• Ou santi tankou w gen yon boul nan gòj ou
Kisa ki ka koz ou fè maladi sa menm?
• Gen yon pati nan gòj nou ki rele (œsophagien sphincter) se li menm ki responsab pou enpeche bagay ki nan vant nou retounen moute nan gòj nou. Si l vin twò fèb li ka vin pa byen fèmen ankò ki vin koz manje yo moute nan pati lestomak nou e menm gòj nou.
• Lè w manje twòp oswa twò lou
• Kouche imedyatman aprè ou fin manje. Se pou sa li rekòmande pou w manje nan pozisyon chita epi pa kouri al kouche la menm ou fin manje. O mwen tann 2zè tan pase apre wa kouche.
• Lè w twò gwo (obèz)
• Ansent
• Fimen
• Lè w manje oubyen bwè bagay ki ka deranje lestomak ou, tankou: bagay ki gen anpil piman bagay ki gen twòp grès, alkòl, kafe, bwason gazez, chokola, sitwon, tomat
• Gen kèk medikaman tankou aspirin, ibipwofèn, medikaman tansyon ak lòt ki ka koz sa tou.
Sa w ka fè pou geri asid (REFLUX ACID)
Chanjman mòd vi w enpòtan anpil
• Lè yo ba w yon gwo plat manje pa desann tout ton sèl kou, pran l tikal pa tikal, konsa w ap bay sistèm dijestiv ou plis tan pou l dijere manje a
• Evite manje bagay ou konnen ki gen twòp piman, twòp grès ak lòt sa ki sot site anlè yo
• Pa kouri kouche lamenm ou fin manje, tann pi piti 2zè tan
• Lè w kouche bat pou tèt ou wo
• Si w twò gwo eseye fè spò pou w kraze nan gwosè a
• Sispann fimen (si w fimen)
• Mete rad ki pa twò sere w
Medikaman
• Antasid (egzanp: Tums, Rolaids) –
• Bloke asid (H2 blokè) (egzanp: ranitidin, famotidin) – diminye pwodiksyon asid
• Inibitè ponp protonu (PPI) (egzanp: omeprazole, esomeprazole) – kontwole asid
• Pwokinetik – ede lestomak ou vid pi vit (yo itilize sa mwens souvan akoz efè segondè)
Chiriji (pou ka ki grav se opersayon sèlman ki ka sove w)
• Fonoplikasyon – chiriji kote yo vlope yon pati nan lestomak ou sou tib gòj ou pou l fèmen pi byen konsa pou manje pa ka remoute ak fasilite ankò.

Comments